|
Asistans nan Transpótasyon: Pwogram REVEST bay chak mwa yon nomb limite Pas a paticipan yo baze sou salè yo. Pou aplike pou yon pas, ou dwe remèt fóm aplikasyon ak prèv salè ou avan le 20 de chak mwa pou mwa suivan. Pas yo bay chak mwa. Pas yo pa renouvle otomatikman. Etidyan dwe anrejistre pou klas ki fèt minimum 4 fwa pa semenn pou yo ka konsidere pou yon pas. Pou resevwa yon pas yon etidyan ki anrejistre pou yon klas ki rankontre 5 fwa pa semen pa kapab genyen plis ke twa absans pa mwa. Yon etidyan enrejistre pou yon klas ki rankontre 4 fwa pa semenn pa kapak genyen plis ke 2 absans.
Transkript Translasyon/Evaliasyon: Translasyon ak evaliasyon degre etranje va rambouse a etidyan ki elijibl baze sou salè yo. Pwogram nan va remèt 100% lajan ke translasyon/evaliasyon sèvis la koute. Etidyan yo dwe konplete aplikasyon pou ranbousman nan ofis REVEST la.
Referans pou Travay: Pwogram REVEST refere patisipan yo nan South Florida Workforce Job Service Providers pou asistans nan anplwaman.
Gadri: Pwogram REVEST va refere patisipan yo nan sant gadri lokal yo ki va bay aistans nan gadri a aplikan ki elijib.
Kat ID: Chak MDC etidyan dwe genyen kat ID valab. Pou genyen yon ID, ou dwe anrejistre pou klas e genyen yon orè valab. Pwofesè REVEST Pwogram va ba ou orè a premye jou klas la. Pou genyen kat la, pote orè valab la nan Ofis Student Life kote yo va pran foto ou e verifye stati ou kóm etidyan kolèj la.
Garaj/Pakin: Pakin nan gratis pou etidyan MDC. Ou dwe montre yon ID valab oubyen yon orè lè pou rantre nan pakin fasilite ya.
Back to REVEST Home Page
Back to REVEST Creole Page
|