
Asiste Refijye, Azile, Kiben/Ayisyen Antran., Amerizien ak trafik victim yo pandan nap bay Sèvis Edikasyonèl ak Sipó.
SÉvis nan pwogram nan
Pwogram REVEST ofri chwa nan pwogram suivan yo san lajan ( inkli ekolaj ak liv) Chwa nan sèvis Antrènman:
- Pwogram REVEST ofri plizyè nivo klas VESOL yo.
- Tout elèv dwe pran tès CASAS (yon tès plasman angle anvan enskripsyon pou detèmine nivo enstriksyonèl la).
- Chak nivo VESOL dire 8 semèn ki gen ladan yon seminè semenn sou kapasite pou anplwaye yo. Liv yo distribye GRATIS bay elèv yo.
- Chak nivo VESOL gen yon Post CASAS nan fen tèm nan.
- Elèv ki te ranpli nivo 3 oswa pi wo ka kalifye pou kou pwofesyonèl adilt pou granmoun.
- Antre nan Pwogram Vokasyonèl Vokasyonèl la mande pou yon tès TABE
REVEST offers vocational courses which include Career Technical Certificate (CTEC), Continuing Workforce Education (CWE), and College Credit Certificate (CCC). Please visit our Vocational Training page for more information.
LÒT SÈVIS
Asistans nan Transpótasyon
Pwogram REVEST bay chak mwa yon nomb limite Pas a paticipan yo baze sou salè yo. Pou aplike pou yon pas, ou dwe remèt fóm aplikasyon ak prèv salè ou avan le 20 de chak mwa pou mwa suivan. Pas yo bay chak mwa. Pas yo pa renouvle otomatikman. Etidyan dwe anrejistre pou klas ki fèt minimum 4 fwa pa semenn pou yo ka konsidere pou yon pas. Pou resevwa yon pas yon etidyan ki anrejistre pou yon klas ki rankontre 5 fwa pa semen pa kapab genyen plis ke twa absans pa mwa. Yon etidyan enrejistre pou yon klas ki rankontre 4 fwa pa semenn pa kapak genyen plis ke 2 absans.
Transkript Translasyon/Evaliasyon
Translasyon ak evaliasyon degre etranje va rambouse a etidyan ki elijibl baze sou salè yo. Pwogram nan va remèt 100% lajan ke translasyon/evaliasyon sèvis la koute. Etidyan yo dwe konplete aplikasyon pou ranbousman nan ofis REVEST la.
Referans pou Travay
Pwogram REVEST refere patisipan yo nan South Florida Workforce Job Service Providers pou asistans nan anplwaman.
Gadri
Pwogram REVEST va refere patisipan yo nan sant gadri lokal yo ki va bay aistans nan gadri a aplikan ki elijib.
Kat ID
Chak MDC etidyan dwe genyen kat ID valab. Pou genyen yon ID, ou dwe anrejistre pou klas e genyen yon orè valab. Pwofesè REVEST Pwogram va ba ou orè a premye jou klas la. Pou genyen kat la, pote orè valab la nan Ofis Student Life kote yo va pran foto ou e verifye stati ou kóm etidyan kolèj la.
Garaj/Pakin
Pakin nan gratis pou etidyan MDC. Ou dwe montre yon ID valab oubyen yon orè lè pou rantre nan pakin fasilite ya.
ADA "Ameriken avek Disabilite AKT"
Nou ofri asistans a moun ki genyen disabilite atrave sevis AKSES Pwogram Miami Dade Kolej. Pwogram Akses la bay sevis gratis pou etidyan elijib yo ki genyen disabilite. Ou kapab kontakte "Single Point of Kontak" pou fe ninpot akomodasyon pou disabilite.
RÈGLEMANS
Règleman sou Atandans:
- Etidyan yo dwe notifye profesè ak konseye yo lè yo absan.
- Si yon etidyan manke yon klas li responsab pou tout devwa lè li retounen.
- Apre twa absans konsekitif san notifikasyon, pwogram nan va retire etidyan nan klas la.
Règleman lè ou kite
Si yon etidyan kite yon klas de fwa, li pa kapab re-anrejistre. Sèlman nan yon ka especial ke direktè pwogram nan apwouve , ke yon eksepsyon ka konsidere.